Haitian Creole
EDIK AYITI NOUVO SEGONDÈ se yon aplikasyon ki fèt pou ede elèv ayisyen ak pwofesè yo pi byen adapte yo ak pwogram nouvo segondè a ki se yon refòm edikatif Ministè edikasyon nasyonal te lanse depi ane 2010 nan menm sans ak refòm Bèna a. Grasa aplikasyon sa elèv yo ka etidye sou telefòn yo tou yo ka fè rechèch pi rapid pou yo fè devwa yo. Pwofesè yo ka sèvi avè l pou yo prepare kou yon fason ki pi efikas. Kisa w ap jwenn sou aplikasyon sa?
Nan aplikasyon sa w ap jwenn LESON pou tout MATYÈ elèv ki nan segondè dwe etidye pandan ane lekòl la selon pwogram ministè a. W ap jwenn leson pou klas NS1 NS2 NS3 NS4 ak 9èm ane fondamantal.
Anplis de sa w ap jwenn BÈL CHEMA AK BÈL FOTO nou pa jwenn nan modil yo ki pi byen ilistre chapit yo.
Nan chak matyè w ap jwenn MODÈL EGZAMEN EGZÈSIS AKTOUT SOLISYON pou w ka prepare w pou egzamen.
Gen yon ribrik ki bay teknik k ap ede w VIN PI FÒ LEKÒL epi fè pi BÈL MWAYÈN.
Gen yon seri atik KONESANS JENERAL ki bay konsèy ak enfòmasyon tout elèv ta dwe konnen.
Epitou gen yon ribrik pou PWOFESÈ kote w ap jwenn teknik pou w anseye pi byen e pi byen prepare kou yo.
Objektif nou se bay refòm k ap fèt nan sistèm edikatif peyi a yon ti bourad nan mezi nou kapab e n vle bay edikasyon nimerik la jarèt tou. Pou ede plis timoun posib gen materyèl eskolè nan men yo sou telefòn yo paske gen anpil elèv nan peyi a ki pa menm gen mwayen pou yo achte liv pou yo etidye. Ak plizyè lòt ki pi renmen li enfòmasyon sou smatfòn yo. Konsa n ap ede plis elèv REYISI NAN EGZAMEN LETA. Nou gen anpil travay pou n fè toujou sou aplikasyon an yon fason pou l tounen yon platfòm edikasyonèl de referans.
Ou menm tou nou envite w patisipe nan amelyorasyon pwojè sa paske sa mande anpil travay ak lajan. Pou w konn divès fason w ka ede nou tanpri klike bouton ki gen tit "Kijan m ka patisipe?" a nan meni aplikasyon an oswa kontakte nou.
Nou swete pou aplikasyon sa ede plis elev posib vin pi fò lekòl epi REYISI NAN EGZAMEN OFISYÈL.
Sa ap pran yon ti tan pou n fin ajoute tout matyè yo. Kidonk toujou fè mizajou pou w ka jwenn dènye matyè ak dènye atik ki disponib yo.

Show More >
Educ Haïti Nouveau Secondaire
Loading...